Èzili Dantò’s Note
In 2004, with only one and a half years left in his term, the repugnant Haiti oligarchs in collaboration with foreign powers took down Haiti’s democratically elected president. The intellectuals in Haiti mostly said nothing. Now they’re speaking out. These collaborators with empire were silent or complicit as empire used warlord Guy Philippe to perform low intensity warfare, hitting police stations since 2001 to destabilize the constitutionally elected Aristide-Neptune government. Group 184 and the coup detat Haitians effectively invited the US, UN, France and Canada to come and take president Aristide out on the 200th year of Haiti’s independence. 13 years later, on January 5, 2017, in a joint DEA-Haiti operation, the US came for Guy Philippe on money laundering and drug charges, possibly using a law signed by the 50th legislature under the Martelly coup detat government regarding money laundering and financing terrorism. But the same coup detat factions who called on foreign powers and CIA-backed death squads to unseat a democratically elected president, are hypocritically crying foul as they fall on their own sword. This is a response (in Kreyòl/Haitian) to a black collaborator from Guy Philippe’s Grand Anse area explaining why he’s good riddance. The English text is found here and at Guy Philippe is a Criminal Not A Hero. See also PHTK Se Yon Tranblemandtè
UPDATE,
April 24, 2017 – Guy Philippe pleads guilty
CIA asset, Guy Philippe, who led the US-backed 2004 bicentennial regime change for Bush that brought in MINUSTAH, and who was arrested on drug charges by the DEA, pleads guilty to “conspiracy to commit money laundering stemming from his receipt of cash payments derived from the proceeds of narcotics sales that occurred in Miami, Florida, and elsewhere in the United States in the late 1990s and early 2000s.” Philippe, “a former high-ranking official in the Haitian National Police – was on the payroll of the drug traffickers for years, receiving (from $1.5 million to $3.5 million) in bribe payments for protecting drug shipments…” (Department of Justice, Press Release)
Repons Nou Bay Konze yo K’ap Defan Guy Philippe Ki Se Yon Gwo Malfektè: Li Pa Yon Ewo Ditou Ditou
Response to a Black Collaborator With Colonialism in Haiti: Guy Philippe is a Criminal not a Hero
Mse Fritz E. Joseph
Atitid awogan ou montre nan efò pou w fè lwanj pou ansasen pa grap ak chèf eskadwon lanmò ki rele Guy Philippe la, se on bagay ki bay tètfèmal epi ki pa gen okenn sans moral. Pisans enperyalis yo te sèvi ak Konze Guy Philippe pou imilye zansèt nou yo ak koudeta bisantnè 2004 la. Msye te komèt trayizon grav. Li te deja ansasinen 30 polisye anvan 2004, e se zak li fè yo ki te sèvi pretèks pou Tonton Sam vin okipe peyi nou dèyè fasad aksyon imanitè Nasyonzini (ONI) ki te lakòz yo fannfwa 14 000 Ayisyen inosan, soti 2004 rive 2006. Ansywit, ONI enpòte kolera vin anpwazonnen sistèm dlo nan peyi a, sa ki lakòz plis pase 10 000 moun pèdi lavi yo epi prèske yon milyon(1 000 000) lòt tonbe malad.
Ki te foute m si patwon Konze saa fèmen l nan prizon Miami… Se tout ! Sa pote yon tikras jistis pou viktim yo. Aswèa, nan Jeremi, tchoul Guy Philippe yo ap kontinye boule kay moun paske yo pèdi chodyè manje yo.
Si nan Ayiti te gen respè pou lavi moun ansanm ak egalite nan dwa, jodia palman an pa ta plen ak moun ki gen etikèt kriminèl sou do yo (kidnapè, dilè dwòg, moun k ap blanchi lajan, moun k ap fè trafik zam, elt.). Men, piske Ayisyen ki gen fòmasyon lekòl, se sak vant yo sèlman ki enterese yo, nonpa moralite, egalite ak entegrite, lajistis nan peyi a, se vann y ap vann sa.
Kòm avoka ak aktivis k ap travay pou jwenn jistis, nou abitywe ekzije pou moun ki responsab fè respekte lalwa Ayiti sèvi ak lalwa. Men non, se pa sa yo fè. Konsa, Tonton Sam mèt ranmase tout vòlè PHTK/KID yo ki pa sispann sèvi klik enperyalis Bush-Clinton-Obama a depi Duvalier tonbe nan lane 1986. Peyi a bezwen yon netwayay manch long, men moun tankou oumenm pa gen fòs moral pou ta menm wè nesesite pou sa fèt.
Kòm avoka, mwen pase venntwazan(23 an) ap fòse pou sousèdsan nan oligachi Ayiti a ak lougawou makout yo ta respekte prensip yon moun yon vòt la. Men tousa, se lave men siye atè. Dènye prèv nou genyen, se koudeta elektoral Jovenel Moïse la.
Zak ansasinay ak deblozay Guy Philippe simaye Ayiti pa ka ba li imaj ou wè tankou ‘’Un classique du 21e siècle haïtien’’. Lè ou bay msye tit ewo epi ou chache konpare vizyon ou epi valè ou ak pa gran antienperyalis e batayè pou libète tankou Goman (Jean Baptiste Perrier), moun Grandans ki tap goumen pou libète, ou montre ou pèdi Bonnanm ou, ou se movezè epi ou vle sal menmwa sakre Goman.
Ayiti anba okipasyon depi 2004… Nou ka menm tounen pi lwen jis nan 1915, pou n konstate Tonton Sam pat janm mete kò l deyò vrèman, men li jis fòme yon lame epi yo antrene moun tankou Cedras e pita Guy Philippe nan peyi Ekwatè pou vin kontinye ekzekite lòd patwon enperyalis yo. Guy Philippe, se te yon polisye kòwonpi e anplis, yon gaj pou enperyalis yo nan 2004.
Se kapris politik ki fè kèk moun ap montre endiyasyon yo sou arestasyon Guy Philippe, yo bay pou ‘’pwotektè souvrènte Ayiti’’, paske sa pat fèt nan règ yo konnen.
Mse Joseph, ajan Meriken te arete prezidan sena Ayiti a, Senatè Fourel Celestin sou pretèks zafè dwòg. Poukisa ou pat leve kanpe pou pwoteste epi ekri gwo disètasyon sou souvrènte Ayiti lè saa ? Eske se paske li te fè pati sektè politik Lavalas ? Kanta Guy Philippe, li fè pati konbit koudeta a, moun k ap travay pou oligachi malpouwont Ayiti a ki gen nan pòch yo bann jounalis ak hmm ‘’entèlektyèl’’ k ap frape lestonmak yo kòm matcho jodia pou fè moun tande kijan y ap fè bri pay nan radyo sou zafè souvrènte Ayiti ak Guy Philippe yo te kwè pesonn pat ka touche.
Anrealite, G. Philippe te kwè mèt li yo pa ta pral jete l tankou papye twalèt lè yo fin sèvi avè l. Men, Etazini pa bezwen l ankò konnyea, petèt paske yo pa vle msye vin fè entèferans nan sistèm kontwòl yo genyen sou Jovenel Moise ki te jwenn finansman ak parennaj sou do moun tankou Philippe ansanm ak Bigio, Boulos, Brandt, Mevs, Abdallah epi Aped pou eleksyon tètsankò 2017 la. (Al wè video Guy Philippe Parenn Jovenel Moise 2017 e Colonialism in Haiti – Guy Philippe and Jovenel Moise.)
Si Guy Philippe te nan trafik dwòg, dapre sa yo di nan akizasyon Etazini mete sou do li nan ane 2005 lan, sa ta fè nou kwè li tap chache lajan pou achte zam ak lòt bagay li te bezwen pou al touye moun epi jete gouvènman prezidan pèp Ayisyen te eli demokratikman an, nan peryòd 2001 al 2004. Bagay saa sanble ak eskandal Iran-Kontra a. Se klè patwon l yo te konnen sa k tap fèt ; petèt menm yo tap patisipe nan pwoteksyon klik GNBis/Tèt Kale a tankou yo te konn pwoteje enterè yo ak Noriega, Sadam Hussein, Mobutu, Papa Dòk, Bebe Dòk ak lòt ankò. Oligachi Etazini an k ap gouvène Washington toujou ap jwe wòl polis ak gangstè. Konnyea menm, se wòl polis y ap jwe, pannan y ap chache enstale yon popetwèl nan plas yon lòt nan peyi Ayiti. Franchman, òganizasyon nou an pap foure tèt li nan jwèt fanmi ak fanmi saa. Men nou kontan pou moun ki te soufri anba zak Guy Philippe yo ; epi sa fè nou lapenn dèske okipasyon peyi a ap kontinye apre trèzan (13 an) depi Gwoup 184/Guy Philippe/Tèt Kale te deklanche deblozay bisantnè endepandans lan.
Kesyon n ap poze, se poukisa Ayisyen gwo edikasyon yo pa leve kanpe rele chatbari dèyè Nasyonzini ak Etazini ki blayi kò yo nan peyi a depi trèzan(13 an), epi dèyè eleksyon tètsankò Martelly nan 2010 ak restavèk li Jovenel Moise nan 2017 nou ye laa ? Lè nou analize tèks ou ekri a, nou konprann zafè souvrènte pèp Ayisyen an, konstitisyon peyi a, onè ak respè epi vòt pèp la (swa pou Aristide ak Neptune nan 2000, swa nan eleksyon fo mamit klik Oligachi/Divalyeris/CORE Group/PHTK nan 2010, 2015, 2016), bagay sayo pa vo anyen pou ou.
Touttan lalwa Ayiti se machandiz pou vann, epi gen moun yo paka manyen, tankou Divalyeris yo ak 13 fanmi mèsenè blan y ap sèvi yo, epi fòs enperyalis okipe peyi a, Ayiti pa ka lib.
Men yon foto ki montre aklè sa w ap lwanje a: touye moun san jijman, gang paramilitè òlalwa (aka Ti Nèg Roz yo)… Ou foure tèt ou nan sistèm neokolonyal la ki pa pèmèt Premye Nasyon Nwa nan Amerik la pwoteje dwa moun ak prensip : tout moun se moun. Ou prezante tèt ou kòm youn nan fo Nwa kolabo ki la pou pwoteje privilèj yon ti ponyen moun epi kraze majorite pèp la. Kriminalite ak kòripsyon okipasyon an enstale nan peyi nou an dwe kaba kèlkeswa mwayen sa pran. Se sa ki pou pèmèt pèp la jwenn lavi miyò ak bonjan pwogrè.
Èzili Dantò
Haitian Lawyers Leadership Network
PHTK Se Yon Tranblemandtè
travay Réginal Souffrant, 14 janvye 2017
PHTK Se Yon Tranblemandtè
PHTK se yon michan tranblemandtè:
Li mete do eritaj kiltirèl yo atè;
Souflèt pou ewo nasyonal yo_ PHTK ki lotè!
Li souse trezò piblik la ra pye tè.
Li ratibwze agrikilti nou pi mal pase vè tè.
Vòlè, asasen, dwòg dilè tounen palmantè.
Anpil bravo ap bat pou sanzave-raketè.
Goud peyi a ap tranble kon yon vye motè,
E koripsyon fè dola monte disèt wotè.
PHTK san vizyon; se yon bann eskamòtè:
Yon ribanbèl sendenden, gwaril ak eskamòtè
Ki degize an sen, an sakrifikatè.
Yo bay kout poud menm jan ak malfektè
E yo kraze kay melere menm jan ak traktè.
Peyi a sal! Nou pa menm ka resevwa visitè.
Jènn yo gen yon sèl refij: pran kanntè
Pou yo al netwaye watè, manje watè.
PHTK se yon bouyon sal ki charye eskamòtè
Ki bay pèp la gòl ak men kon yon move bitè.
Li chifonnen volonte pi fò votèz ak votè,
E li fè imoralite enfiltre tout sektè.
Ayisyen, pran nòt: jounalis kon notè:
Pèp la bite, men li pap jann fè bèk atè.
An nou fè yon kokouwouj: iletre kon inivèsitè
Pou rebay sezizman zansèt nou yo te bay Vètyè.
An nou kase fèy bèk kafetyè
Plan lanmò ki vle se vakabon-eksplatè
Ki pou sèvi n dirijan ak navigatè.
______________________________
Réginal Souffrant
14 janvye 2017
Guy Philippe is Godfather to Jovenel Moise 2017 Electoral Coup D’etat
Haiti Election Analysis: Sick Carnival 2016 Continues with Jovenel Moise
Guy Philippe is a Criminal Not A Hero
Colonialism in Haiti – Guy Philippe and Jovenel Moise
Add a comment:
Powered by Facebook Comments